Player FM - Internet Radio Done Right
266 subscribers
Checked 2h ago
Added nine years ago
Content provided by WNYC Radio. All podcast content including episodes, graphics, and podcast descriptions are uploaded and provided directly by WNYC Radio or their podcast platform partner. If you believe someone is using your copyrighted work without your permission, you can follow the process outlined here https://player.fm/legal.
Player FM - Podcast App
Go offline with the Player FM app!
Go offline with the Player FM app!
WNYC News
Mark all (un)played …
Manage series 95357
Content provided by WNYC Radio. All podcast content including episodes, graphics, and podcast descriptions are uploaded and provided directly by WNYC Radio or their podcast platform partner. If you believe someone is using your copyrighted work without your permission, you can follow the process outlined here https://player.fm/legal.
The latest articles from WNYC News
…
continue reading
1254 episodes
Mark all (un)played …
Manage series 95357
Content provided by WNYC Radio. All podcast content including episodes, graphics, and podcast descriptions are uploaded and provided directly by WNYC Radio or their podcast platform partner. If you believe someone is using your copyrighted work without your permission, you can follow the process outlined here https://player.fm/legal.
The latest articles from WNYC News
…
continue reading
1254 episodes
All episodes
×W
WNYC News


None
W
WNYC News


Consumers aren't usually aware of the products that Saratoga County's Precision Valve & Automation make. But PVA builds machines that spray adhesives to hold together everything from electronics to aircraft -- mainly using Canadian steel. The company is one of many manufacturers worried about how President Donald Trump's tariffs could harm their business.…
The latest on congestion pricing lead's this week's On The Way roundup of New York City transit news. Plus, a new plan to repair the BQE in Brooklyn Heights.
W
WNYC News


Cara Kennedy-Cuomo, 30, said she found a place and is now a “proud Brooklyn resident.” But she failed to mention a key detail about her apartment hunt: She’d recently moved out of a $8,242-a-month two-bedroom apartment in Midtown East now occupied by her dad, Andrew Cuomo.
Beth Jacob Ohev Sholom is the oldest Orthodox synagogue in Brooklyn and the only one in Williamsburg that isn’t Hasidic, according to long-time members. The congregation’s building stands on the dividing line between drastic gentrification to the north and an insular Hasidic Jewish community to the south. Until a few months ago, the synagogue followed Orthodox customs, like separating male and female worshippers, but not all of the practices observed at nearby Hasidic congregations. Unlike the many Hasidic synagogues in the neighborhood, the congregation has historically been known for welcoming different kinds of Jews to pray. Hundreds of worshippers used to pack into the Beth Jacob Ohev Sholom’s sanctuary on major holidays, Ruiz said. But as many of those congregants died or moved away in recent years, a small group of Hasidic Jews started to pray alongside the mostly non-Hasidic, long-time members. While the two groups co-existed in relative peace at first, in the last few years they have become estranged. Now, the mostly non-Hasidic long-timers and the Hasidic newcomers are suing each other for authority over the synagogue and its building. On Friday, a judge is expected to hear arguments in the case. But the legal dispute is likely to continue for months to come. The specifics of the strife range from petty arguments over hoarded water bottles on a hot day to profound disagreements about what it means to be a Jew. But the patterns at play in this case underscore broader questions about the fate of New York’s revered houses of worship, as religious membership dwindles and property values soar. At the center of the dispute is the congregation’s most valuable asset: its building. Each side is accusing the other of plotting to sell the property, raze the temple and construct condos in its wake.…
Klike la a pou w wè paj sa a nan lang angle. Click here to view this page in English. Ane pase, vyolans gang touye plis pase 5000 moun ann Ayiti. Sa gen kèk ane depi peyi a nan yon kriz politik. Epi Ayisyen nan peyi Etazini ki gen yon pye isit yon pye ann Ayiti, sitiyasyon an pa estab nan tou de peyi yo. Pou moun konprann istwa sa a pi byen, twa estasyon radyo piblik nan twa vil ki gen plis Ayisyen nan peyi Etazini: GBH and The World nan Boston, WNYC nan New York City, ak WLRN nan Miami – ap mete tèt ansanm pou yo ouvè liy telefòn yo pou tande sa Ayisyen k ap koute estasyon sa yo gen pou yo di. Se Brian Lehrer (WNYC) ki pral anime pwogram sa a ansanm ak Saraya Wintersmith (GBH News) ak Tim Padgett (WLRN). Emisyon espesyal 90 minit sa a, “AYITI SOU LIY LAN.” ap an dirèk sou tou le twa estasyon radyo yo. Emisyon espesyal sa a ap gen esperyans pèsonèl oditè ki rete nan kominote sa yo, pandan y ap pataje relasyon yo ak Ayiti ak jan sitiyasyon an ye kounye a epi yo va pale de sitiyasyon imigran ak refijye ap viv isit nan peyi Etazini. Animatè pwogram nan yo ap resevwa envite espesyal sa yo nan emisyon an: Widlore Merancourt, jounalis epi editè anchèf AyiboPost Jacqueline Charles, jounalis nan Miami Herald li te youn nan finalis pou prim Pulitzer Prize pou repòtaj li te fè apre tranblemanntè 2010 Ayiti a Dr. Geralde Gabeau, direktè egzekitif Immigrant Family Services Institute Rep. Sheila Cherfilus McCormick (D-FL), ko-dirijan House Haiti Caucus epi se sèl Ayisyen Ameriken ki nan Kongrè a kounye a Speaker: [00:00:00] Depi nan GBH, Boston, WNYC, New York, ak WLRN nan Miami, se emisyon Haiti on the line. Soti tan lesklavaj ak kolonizasyon pase nan tranblemanntè ak manifestasyon, pa gen anpil pèp ki soufri tankou pèp ayisyen. Kounye a, se vyolans gang lakay nou ak move tretman imigran nan peyi Etazini, kote Prezidan Trump, kòm anpil nan nou deja konnen, fèk anile TPS pou 500, 000 imigran ayisyen. Apil Ayisyen vanyan ki pasipala ap mande tèt yo sa pou yo fè. Aswè a twa estasyon radyo piblik met tèt ansanm pou yo pale ak kèk moun nou envite epi pou nou ouvè liy telefòn yo bay piblik la pou nou kab koute istwa Ayiti ak istwa Ameriken-Ayisyen kounye a nan bouch kèk nan nou. Prèske mwatye yon milyon Ayisyen. Plis pase mwatye Ayisyen [00:01:00] k ap viv nan peyi Etazini rete Boston, New York, ak Miami. E si w ap koute radyo a nan peyi Etazini, epi ou gen zanmi ak fanmi ki rete ann Ayiti, di yo koute emisyon sa a tou. Emisyon sa a ap pase an dirèk pandan pwochen 90 minit yo. Epi yo kab koute sou entènèt nan adrès sa @ wnyc.org . Pou koute sou entènèt an dirèk, al sou sit sa a: awnyc.org . Epi telefone nan nimewo sa a si w vle poze yon kesyon oswa fè yon kòmantè: 8 4 4 7 4 5 talk. Make nimewo a. N ap kontinye repete nimewo a pandan emisyon an: 8 4 4 7 4 5 8 2 5 5 8 4 4 7 4 5 Talk. Pase mesaj la bay lòt oditè ki Ayisyen ak sa ki pa Ayisyen. Kouman kriz politik yo ak kriz gang yo ann Ayiti afekte ou pèsonèlman oswa lòt moun ou konnen? Ki wòl peyi Etazini oswa Ameriken-Ayisyen jwe nan kriz sa a ann Ayiti, si pou yo ta jwe yon wòl? Ki sa w pral fè si Trump ap sispann dwa ou pou w rete isit [00:02:00] nan Pwogram pwoteksyon tanporè? Epi di nou tou, Ki sa medya yo manke nan repòtaj yo? Toutbon, di nou sa nou rate? Ki sa medya pa fè repòtaj sou li ou ta vle nou pale de li kounye a? N ap envite ou telefone 844 745 TALK. Sa se Haiti on the Line, epi mwen rele Brian Lehrer depi New York. Saraya Speaker 2: Wintersmith nan Boston. Nou gen kèk gran envite ki pare pou pale avè nou aswè a. Jounalis korespondan pou jounal Miami Herald, Jacqueline Charles, ap la avè nou tou. Nou pral pale tou ak yon manm Kongrè Ameriken an ki te fèt ann Ayiti, Madam Sheila Sheila Cherfilus-McCormick epi nou gen Doktè Gerald Gabeau. L ap travay nan Immigrant Family Services Institute ki nan Boston, se yon òganizasyon k ap ede Ayisyen tabli yo nan peyi Etazini. Met sou sa, nou gen Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost yon gwoup endepandan ki bay nouvèl, ki gen biwo prensipal yo nan Port au Prince. Nou pral akeyi li talè kon sa, men anvan sa nou pral rejwenn kòlèg nou Tim Paget ki nan Miami. Alo, Tim. Alo, Saraiya. Alo, Brian. Speaker: Alo, Tim. Tim, dapre sa m tande, e se pral yon bon bagay [00:03:00] pou editè nou yo paske m tande ou prepare yon ti rezime pou oditè ki pa suiv nouvèl Ayiti nan dènye ane ki sot pase yo. Ki lè ou te kòmanse prepare bagay sa a? Speaker 3: Bon, gen anpil moman nou te ka chwazi kòm yon pwen depa pou nou bay yon rezime sou moman sa a ann Ayiti kounye a, men nou kòmanse ak tranblemanntè 2010 la, ki deklannche tout yon seri degrenngolad katastwofik nan peyi a epi peyi a poko janm kab reprann li depi lè sa a. Epi tou, istwa a pa t ap konplè san nouvèl semenn pase a kote Prezidan Trump anile TPS pou plizyè santèn mil imigran ki vin chèche refij nan peyi Etazini Speaker: Mèsi, Tim. Mezanmi men istwa a. Li dire apeprè 3 minit. Speaker 3: Kenz an de sa, bagay yo te kòmanse chanje ann Ayiti. Speaker 4: Speaker 3: Peyi sa a nan karayib la te toujou peyi ki pi pòv nan emisfè a, men te gen yon fyète menm jan ak dlo Ayiti sa a, Lakay, djaz ayisyen Tabou Combo te anrejistre pandan deseni sa a [00:04:00] . Pwofesè sikoloji nan Inivèsite Miami, Marie Guerda Nicolas, yon moun ki fèt Ayiti, te fè sonje santiman optimis sa a. Speaker 5: Nou te gen plis estabilite nan sitiyasyon politik la. Sou plan ekonomik, peyi a te espòte plis machandiz, yo te bati plis enfrastrikti. Nou te sou bon wout. Speaker 3: Epi, 12 janvye 2010, yon gwo tranblemanntè kraze tout sa. Tranblemanntè a touye apeprè 200, 000 moun epi sa te kreye yon deblozay politik ak ekonomik. Malerezman, kominote entènasyonal la anpil fwa fè bagay yo vin pi mal. Paregzanp, gwoup sòlda Nasyonzini an, MINUSTAH, ki te vin met lapè nan peyi a, pote yon epidemi kolera nan peyi a. Speaker 6: Yo te bay lòt antite ki pa nan peyi a responsablite pou ban nou sekirite. Speaker 3: Christensen Janty fèt ann Ayiti, li te retounen Ayiti nan kapital Pòtoprens, sa gen 10 an pou l al ede kreye kèk nouvo biznis yo te bezwen anpil. Janty di lè Minustah kite Ayiti an 2017, li kite [00:05:00] yon nouvo espas vid nan afè sekirite anndan peyi a. Anpil moun nan elit politik la sèvi ak gang pa yo pou kontwole espas sa yo. Speaker 6: Lè w mete zam nan men moun k ap komèt vyolans nan fason sa a, se tankou yon bèt sovaj ou t ap bay manje ki kite kalòj li. Speaker 3: Kou ki touye koukou a se asasina Prezidan Jovenel Moise mèsenè touye nan mwa jiyè 2021. Apre sa, vyolans gang yo vin si tèlman gaye se chèf gang sa yo ki la kòm dirijan kounye a. Speaker 6: Epi men nou kounye a nan yon sosyete ki apèn ap fonksyone paske gang kontwole plis pase 80% vil nan vil Pòtoprens. Speaker 3: Epi y ap kontwole rès ekonomi an tou. Nasyonzini di ane pase gang touye 5, 600 moun, ak yon bann kidnapin, yo fè kadejak sou moun, epi yo vòlè kamyon manje, gaz, ak medikaman. Majorite gwo zam fann fwa yo genyen se nan peyi Etazini yo soti. Yon misyon miltinasyonal ki vin pou ede lapolis ann Ayiti sanble yo pa kab fè fas ak gang yo, kote ane pase gang sa yo atake ayewopò Pòtoprens lan epi yo fèmen l pou plizyè mwa. [00:06:00] Gen plis pase yon milyon Ayisyen ki kite kay yo akòz vyolans oubyen ki ret nan lari epi sa kreye yon pwoblèm imigrasyon pou Ayisyen ki rete isit nan peyi Etazini. Malgre sa, Ayisyen tankou Jeanty ak Gepsie Metelus, yo ap dirije yon òganizasyon ki rele Sant La nan North Miami, raple nou istwa peyi sa a, se istwa yon peyi ki leve gwo defi deja. Speaker 7: Nou gade sou istwa nou kòm premye peyi ki fè revolisyon kont lesklavaj ki reyisi, flanbo diyite sa a, mwen kenbe l kòm eritaj. Alafen, nou pral wè chanjman ann Ayiti. Speaker 3: Ayiti va bezwen rezistans sa a plis pase anvan pou l retounen sou bon wout. Non mwen se Tim Padgett nan Miami. Speaker: Mèsi, Tim. Yon lòt fwa ankò, n ap envite tout moun k ap koute ki gen yon koneksyon ak Ayiti pou yo vin pran pa nan konvèsasyon sa a. Nimewo telefòn nou se 844 745 TALK. Se 844 745 8255. Kouman sitiyasyon gang yo ak sitiyasyon politik la [00:07:00] afekte ou pèsonèlman oswa yon moun ou konnen? E oumenm ak fanmi ou ki kote ou gad ak desizyon Prezidan Trump pran pou l sispann Pwoteksyon tanporè nan peyi Etazini? E ki sa ou panse medya yo manke nan repòtaj y ap fè yo? Telefone 844 745 TALK, pou moun k ap koute sou Flatbush, Brooklyn, oubyen nan Little Haiti nan Miami, oswa Boston, oubyen Western Massachusetts sou NAPM. Speaker 2: E pandan n ap òganize apèl ou yo, nou pral pale kounye a ak Widlore Mérancourt, Editè anchèf AyiboPost, yon jounal endepandan ki gen biwo santral li nan Pòtoprens. Li abite pòtoprens, men li... Alo Widlore nou byen kontan resevwa ou la a. Speaker: Mèsi. Widlore, se Brian k ap pale la a. N ap gade kèk tit nan atik ou yo ki parèt nan jounal Washington Post kote ou fè repòtaj tou, petèt gen kèk nan oditè nou yo ki deja konn sa, bondye papa m, an desanm gang masakre yon bann granmoun. Biwo Wo Komisyon Nasyonzini ki okipe afè Dwa Zimèn deklare gang yo touye omwen 184 moun [00:08:00], plis pase 120 ladan yo te gen plis pase 60 an. Dapre sa mwen konprann kounye a chif la monte a 200. Dapre deklarasyon Nasyonzini, nan mwa oktòb, omwen 70 mouri nan atak gang ann Ayiti. Nan mwa septanm, pandan Ayisyen ap kouri kite kapital la, moun kòmanse pè pou gang pa suiv yo. Èske ka byen rapid enfòme oditè nou yo ki kab pa suiv nouvèl ki soti ann Ayiti? Ki sa kondisyon yo ye nan peyi a ki fè nou gen kalite gran tit istwa sa yo? Speaker 8: Bon, kanta pou move nouvèl, nou pa manke sa, lè se de Ayiti w ap pale. Mwen panse si pou m ta bay yon rezime tou kout sou sa k ap pase ann Ayiti, jan m kite ayiti de twa semenn de sa, se yon bon kote pou m ta kòmanse. Bon, sa pran m apeprè 3 jou, pou m kite kapital la nan premye semenn fevriye a pou m te al Kalifòni pou m al asiste kèk konferans. Bon, wout prensipal moun sèvi [00:09:00] pou yo antre soti nan Pòtoprens, tout sou kontwòl gang. Gang kontwole wout nò a, gang kontwole wout sid la, se menm wout sa a ki mennen nan depatman Grandans ak depatman Nip. Dènye wout plizyè santèn mil moun ap itilize kounye pou pote pwovizyon ak machandiz antre soti nan Pòtoprens, se pa menm yon wout tout bon. Wout la pa menm asfalte, se yon wout ki pase Jakmèl nan Sidwès Ayiti. Men kounye a gang kòmanse atake wout sa a. Epi ou konnen tanzantan y ap eseye kontwole wout sa a. Mwen kite dimanch, jou apre a, gangstè yo te fè atak yo, yo touye plizyè douzèn moun. Sa a se yon sitiyasyon ki grav anpil [00:10:00], jodi a yon moun pa kab viv nan Pòtoprens san w pa wè yon kadav atè nan lari chak jou. Y ap touye jounalis chak jounalis regilyèman poutèt travay y ap fè. Ane pase pi gwo lidè gang nan, sa ki pwobableman pi popilè ann Ayiti a menase lavi mwen poutèt yon repòtaj mwen te fè. Pou sitwayen nòmal, moun nòmal, se yon sitiyasyon ki difisil anpil paske, mache yo pa ka fonksyone yon fason ki nòmal. Majorite lopital fèmen. Mwens pase 20 pou san lopital ki nan kapital la pa p mache nòmal. Mwatye peyi a pa jwenn ase manje pou yo manje. Met sou sa, ou gen yon sitiyasyon politik kote kèk lidè ap fè teyat [00:11:00]yo nan yon pyès teyat paske yo pa fè okenn efè ni sou afè sekirite a ni sou kriz imanitè pèp Ayisyen an ap fè fas avè l la. Speaker: An menm tan tou, mwen pa vle nou rate pati sa a, tout admirasyon nan lemonn pou kouraj ou oblije genyen kounye a nan travay ou kòm jounalis epi pou lòt jounalis k ap travay avè w epi ak lòt òganizasyon nouvèl. Men an menm tan tou, mwen konnen ou vle moun tande jan anpil lòt Ayisyen gen rezistans. Doktè, pwofesè, moun k ap ouvè nouvo biznis malgre tout sa k ap pase yo. Nan sa ou te fèk ap di nou la a, ou tap pale de atis pent k ap fè espozisyon travay yo toupatou nan lemon. Ki sa ou ta renmen di oditè ki isit nan peyi Etazini, ki kab ap tande pale de Ayisyen ki viktim oswa de moun ki nan gang? Speaker 8: Wi, mwen toujou di jan sa enpòtan anpil, nan ka Ayiti pou pale de tout aspè Ayiti [00:12:00] pou pale de imanite ayisyen. Bon, pwoblèm ak nouvèl sou Ayiti, bonbadman nouvèl sou Ayiti, se sa Chimamanda Ngozi Adichie ekriven Nijeryen an rele, danje yon sèl kalite istwa a. Pandan anpil ane, n ap pale de Ayiti, sou sijè koripsyon, ak katastwòf. Se vre bagay sa yo egziste, e fò nou pale de yo, men an menm tan tou, nou gen aktivite atis ayisyen ap mennen, k ap mache, ki gen anpil kreyativite. Gen ekriven, ki soti Ayiti, k ap prezante èv yo toupatou nan peyi Etazini epi nan peyi ann Ewòp. Centre d’ Art ki ann Ayiti, ap selebre 18èm anivèsè yo ane sa a. Epi gen atis pent ki resevwa ansèyman la. Genyen ki travay la epi pafwa yo vann travay yo tou [00:13:00] toupatou nan lemonn. Literati Ayisyèn nan bèl epi yo rekonèt li toupatou sou latè a. An menm tan tou, si w al Ayiti jodi a …. Um…Apre tranblemanntè a an 2010, anpil nan moun ou te wè nan lari a, nou te rele yo envazyon moun ki te gen konpasyon yo, se te etranje yo te ye. Men jodi a, majorite moun k ap ede moun, majorite doktè yo, tout kote ou pase se Ayisyen k ap ede Ayisyen parèy yo. Jan ou di sa a, se doktè Ayisyen, men tou se pwofesè Ayisyen. Se yon pakèt pwofesyonèl. Anpil ladan yo chwazi pou yo fè sa, pou yo pati al ede peyi yo. Epi kounye nou wè kèk lòt tandans [00:14:00] espè yo di ki yon bon bagay. Paregzanp anpil pwofesyonèl ki te abite pòtoprens ap kite, se pa peyi a non y ap kite. Y ap kite kapital la pou y al rete Okap oubyen yo al Okay nan sid. E ou konnen si bagay sa yo kontinye fèt, sa ap ede desantralize peyi a. Speaker: Ann pran premye apèl la. Men Jesse. Jesse, ou nan lè sou emisyon Haiti On The Line. Mèsi pou apèl ou. Speaker 9: Wi. Mwen se yon oditè k ap koute lontan, mwen se moun Brooklyn. Men kòmantè m vle fè a, lè m te tande anons pou pwogram sa a, kesyon ou te poze a te enterese m anpil. Mwen kwè kesyon an se te, ki sa Ameriken pa konnen de Ayisyen. Pou mwen menm, youn nan bagay yo pa konnen Ayisyen vle retounen ann Ayiti. [00:15:00] Anvan afè gang sa a ak tout vyolans sa yo Ayiti se te yon peyi pezib. Ayiti se yon peyi ki kalm. Ayiti se peyi ki poze, yon kote ki rilaks. E se pou sa nan ane 70 yo anpil moun te konn al la pou lindemyèl yo. San vyolans lan, se yon kote ki byen rilaks. Paregzanp paran mwen te rete nan peyi Etazini pandan 50 an, yo vin sitwayen ameriken, yo travay nan peyi Etazini. Lè yo pran retrèt yo, yo retounen ann Ayiti, yo bati kay pa yo, epi yo pase 6 mwa sèlman ladan anvan gang yo pran kay la epi pran kontwòl tout katye a. Yo te oblije sove ak rad ki te sou yo sèlman. Epi kounye a yo retounen nan peyi Etazini, men y ap kriye chak jou, y ap panse chak jou kouman yo vle retounen lakay yo. Yo vle al Ayiti. Manman pwoblèm lan, dapre mwen, se kesyon zam nan. Si Etazini te vle ede Ayiti toutbon, yo ta sispann zam antre nan peyi a epi sa t ap vrèman ede sitiyasyon vin nòmal [00:16:00] Wi, Speaker: sa nan istwa a tou jan lwa liberal nou yo kontribiye nan espòtasyon gwo zam fan fwa gang yo rive genyen yo. Yo fè bon jan repòtaj sou sa deja. Mèsi anpil Jesse. Epi, mwen byen kontan ou telefone pou w pale de santiman pozitif moun genyen pou yo tounen ann Ayitit paske mwen panse anpil fwa sa nou tande nan peyi Etazini se kesyon moun ki pa vle yo voye yo tounen. Saraya. Speaker 2: Mwen byen kontan Jessy vin pale de kesyon gang ki anpeche moun tounen ann Ayiti lè yo vle. Widlor, ou di nou pou n konprann pwoblèm gang nan, nou ka oblije rale yon bak pou w eseye konprann jan Etazini te enstale yon prezidan apre tranblemanntè 2010 la. Pale nou de prezidan sa a, èske administrasyon Obama a gen okenn ide ki moun li te ye toutbon? Speaker 8: Bon, mwen sispèk ou dwe ap pale de eleksyon ki te fèt tousuit apre tranblemanntè a. Mwen panse, [00:17:00] se te yon eleksyon ki te enpòtan anpil paske dapre dosye nou genyen kounye a Etazini te mete anpil presyon sou otorite Ayisyen yo pou yo mete Michel Martelly nan dezyèm tou eleksyon sa yo. Li pa t ap la si se pa t pou tout presyon sa yo peyi Etazini te mete sou otorite Ayisyen yo pou yo mete Michel Martelly nan dezyèm tou eleksyon sa yo. Li pa t ap la, si se pa t pou presyon gouvènman etranje yo, sitou peyi Etazini. Epi, kèk ane de sa, Nasyonzini pibliye yon rapò ki esplike kouman Michel Martelly, lè li te sou pouvwa a, sèvi ak gang yo nan enterè pèsonèl li. Nan dènye twa a kat ane yo, Etazini ak Kanada sanksyone plis pase 30 ofisyèl ayisyen. N ap pale de ansyen prezidan Michel Martelly. Yo te sanksyone li poutèt li te gen relasyon ak moun ki t ap fè trafik dwòg, n ap pale tou de Premye minis ki te la nan epòk sa a tou, Mesye Laurent Lamotte, [00:18:00] an anpil lòt gran lidè nan afè biznis ann Ayiti. Mwen panse sa a se yon pwen enpòtan lè w ap chèche konprann pwoblèm gang ann Ayti a. Nan dènye 10 an ki sot pase yo, kèk lidè nan afè biznis ak kèk politisyen, sèvi ak jèn ki nan katye popilè yo ak sa ki nan sitiyasyon difisil pou yo vanse kòz pa yo. Apre yon sèten tan, fenomèn gang nan miltipliye rapid pou l vin tounen sa l ye jodi a. Epi anpil Ameriken…e mwen panse tou pwen yo fè sou kesyon zam yo se yon pwen ki enpòtan anpil. Nou gen plizyè rapò ki soti nan ministè lajistis ki di, majorite zam ki ann Ayiti…. Speaker: Mizik la kòmanse, fò n pran yon ti pòz. N ap retounen sou pwen sa a lè nou kontinye. Sa se emisyon “Haiti on the line” (Ayiti an liy). Rete la avè nou.[00:19:00] [00:20:00] Nou byen kontan ou la avè nou nan emisyon “Haiti on the line” (Ayiti an liy). Mwen rele Brian Lehrer mwen sou estasyon radyo WNYC, New York Public Radio sou G. B. H. Boston, epi ak Paget sou WLRN nan Miami. Speaker 2: Si w fèk kapte emisyon, nou avèk Widlore Marincor, li se editè anchèf jounal kreyòl Aibo Post, se aibopost.net si ou vle tcheke li. Speaker: Epi n ap pran apèl, kesyon, kòmantè, istwa, telefone 844 745 TALK. Widlore, èske w vle fin reponn kesyon ou t ap reponn anvan nou te pran pòz la? Speaker 8: Wi, mwen t ap di anpil Ameriken pa rann yo kont jan politik Ameriken lakòz sa k ap pase jodi a ann Ayiti. Mwen t ap pale de pwoblèm zam nan. [00:21:00] Nou gen rapò, nouvo rapò ki soti nan biwo kontwòl gouvènman an ki esplike kouman majorite zam yo ranmase nan zak Vyolans ann Ayiti se nan peyi Etazini yo soti. Nou gen plizyè rapò ki soti nan A.T. F, yon biwo nan Depatman Lajistis nan peyi Etazini ki esplike ane apre ane majorite zam ki lakòz deblozay, fèmen biznis, fèmen lopital ann Ayiti se nan peyi Etazini yo soti. Sa se premye pwen an. Dezyèm pwen an se politik peyi Etazini pou Ayiti, politik ofisyèl peyi Etazini pou Ayiti nan kesyon moun yo kolabore avè yo, moun yo ankouraje epi pafwa moun yo ede met sou pouvwa kab fè efè ki negatif anpil sou sosyete Ayisyen an. Speaker 2: Widlore mwen vle poze w kesyon sa a [00:22:00] nou t ap pale de konplisite Etazini nan sitiyasyon k ap pase ann Ayiti kounye a, men ann sipoze se pa fòt Etazini sèlman. Ki jan ou wè responsablite pou retabli yon lòd politik nòmal, nan peyi a? Èske se fòt Etazini sèl? Èske se fòt Etazini tou? Èske se Ayiti? Speaker 8: Bon, si w ap gade bagay yo an gwo, mwen panse nenpòt moun ki konprann istwa Ayiti kapab wè lidè lokal yo gen responsablite pa yo, nan sa k ap pase ann Ayiti a. Epi ou konnen, pandan plizyè fwa nan istwa nou, kèk lidè deside fè kèk bagay epi asepte sèten pwopozisyon ak lòd paske yo te panse yo pa t gen chwa. E pafwa paske yo konwonpi, [00:23:00] koripsyon se yon gwo pati epi koripsyon se youn nan gwo bagay k ap pase ann Ayiti. Talè a mwen te mansyone jan apeprè 30 ofisyèl gouvènman ak lidè biznis Ayisyen te anba sanksyon isit nan peyi Etazini ak nan Kanada nan ane ki sot pase yo. Sa montre moun yo chwazi yo…epi difèt aksyon sa a pa t etone oken ayisyen. Men pou jan moun gran renome sa yo, kèk nan sa ki pi rich nan peyi a, epi anpil fwa ak lòt moun ki nan rejyon an sou lis sa a, yo sou lis sa a toujou. Sa montre nivo kriminalite moun sa yo ak nivo koripsyon elit Ayisyen an ak kèk politisyen mele ladan yo. An menm tan tou fò nou gade bagay yo alontèm, Ayiti endepandan an 1804, the [00:24:00] an 1825, Lafrans egzije Ayiti peye yon dèt, yon ranson pou rekonèt endepandans Ayiti. Jounal The New York Times pibliye yon seri atik ki montre kouman Ayiti te ka nan menm pwen ekonomik ak tout lòt peyi nan rejyon an dapre estimasyon kèk ekonomis yo te kontakte……, men se plizyè bilyon dola plis pase 21 bilyon dola si ou sèvi ak estimasyon ki pa pran tout bagay an konsiderasyon, se valè lajan peyi a pèdi nan peye dèt sa a. Sa te fè yon gwo efè sou avni ekonomik peyi a. Okipasyon amerikèn nan ak diktati Divalye a epi difèt plizyè administrasyon ameriken te kolabore ak [00:25:00] diktati a. Sa a se yon istwa ki long, ou pa kab konprann li… ou pa kab konprann Ayiti jodi a san w pa voye je gade sa elit la ap fè, sa moun k ap kontwole ekonomi peyi a ap fè. Men fò w gade tout jan peyi etranje yo pran pa nan zak sa yo pandan kèk tan. Speaker: Speaker 8: Mèsi Widlore, Speaker: pou tout istwa sa a ou ban nou an soti depi 1804 ak ranson an ak tout lòt bagay. M ap pran pwochen apèl la se Vanya Andre, se editè anchèf Haitian Times, li te di nou li t ap rele nou. Vanya, nou byen kontan ou rele nou. Alo, nou byen kontan ou la a nan emisyon Haiti on the Line. Speaker 10: Mèsi poutèt nou resevwa mwen. Speaker: Ki sa ou ta vle ajoute? Speaker 10: Bon sa m panse ki [00:26:00] pou nou konprann tou se esperyans moun ki nan dyaspora a kouman sa k ap pase ann Ayiti yo afekte yo anpil. N ap fè repòtaj sou nouvèl sa yo depi plis pase 20 an kote n ap mete limyè sou nouvèl sa yo pou piblik ameriken an. Epi menm pou mwen, sa poko gen 2 semen, malgre n ap fèt tout repòtaj sa yo sou sa k ap pase ann Ayiti chak jou, se lè sa a mwen wè jan sa afekte nou pèsonèlman. Papa m mouri mwa pase a ann Ayiti, Epi akòz vyolans k ap pase ann Ayiti a, akòz restriksyon sou avyon k ap vole al nan kapital la, nou pa t menm kab al Ayiti pou nou antere li. Nou pa t menm ka fè kò a rantre isit Etazini. Sa mwen vle pou moun k ap koute yo konprann se reflechi sou sitiyasyon kon sa. Sa k ap pase ann Ayiti aji sou nou anpil, pa ann Ayiti sèlman, men nan diaspora a tou ki laj anpil [00:27:00] isit Etazini ak Kanada epi ki toupatou sou latè a. Menm jan da oditè ki te rele anvan an t ap di gen anpil nan nou ki vle tounen Ayiti. Epi vle gen yon koneksyon ak Ayiti menm si yo pa t fèt nan peyi a. Men n ap gade yon sitiyasyon kote y ap anpeche nou pote kole ak yon peyi kote nou vle angaje nou nan sa k ap pase nan peyi a a yon nivo pèsonèl ki apwofondi. Speaker: Vanya, mèsi anpil pou apèl ou epi pou lide ou pataje avè nou. Sa gen lontan depi m ap wè jounal Haitian times la. Se yon jounal ki gen anpil valè. Mèsi anpil pou patisipasyon ou nan yon pati nan pwogram nan. Mwen vle pale ankò ak twazyèm ko-animatè emisyon sa a. Depi nan WLRN Miami, se Tim Paget. Se li menm ki editè pwogram America nan estasyon radyo li a se yon pwogram ki kouvri Ameriklatin, Karayib la, ak relasyon yo ak Sid Florid. Alo ankò, Tim. Speaker 3: Alo, Brian. Se te yon bon bagay pou n ap tande ou ak Soraya ak WIDLOR ak oditè yo k ap pale de sa k ap pase ann Ayiti jiskaprezan. Speaker: Men byen kontan. Epi m ap raple tout moun k ap koute, n ap envite w vin pran pa nan konvèsasyon sa a 844 [00:28:00] 745 TALK, kit ou nan Miami Dade County oubyen Florida, kit w ap pran bon fredi nan Cape Cod, oswa ou nan zòn la New York. Tim, dapre sa m tande ou gen yon kòlèg ansanm avè ou? Speaker 3: Wi Brian, yon kòlèg espesyal ki la nan WLRN nan Miami, se Jacqueline Charles. Li gen lontan l ap travay nan Miami Herald kote li te yon finalis pou prim Pulitzer Prize pou repòtaj li fè sou Ayiti ak peyi ki pale Angle nan Karayib la. Se youn nan meyè korespondan nan peyi Etazini k ap fè repòtaj sou Ayiti kounye a. Speaker: Jackie, n ap akeyi w nan pwogram nan. Speaker 11: Mèsi poutèt nou envite mwen. Speaker: Bon, ou konnen, administrasyon Trump lan ap di nou tout gen sekirite pou 500 mil Ayisyen ki rete nan peyi Etazini pou yo retounen Ayiti lè prezidan an ap sispann TPS yo, pandan ete a, malgre repòtaj ou fè sou gang vyolan ki nan peyi a kounye a. Nan ki pwen pawòl prezidan an di yo se vre oubyen se pa vre? Speaker 11: Bon kesyon nou tout ap poze tèt nou se si men dwat la konnen sa men goch la ap fè. Se yon pawòl ki sanble yon pawòl moun abitye di, men lè w ap kalkile [00:29:00] 2 semenn de sa anvan yo te pran desizyon sa a semenn pase a ou te gen Sekretè d Eta a Marco Rubio ki te al an vizit an Dominikani ki sou menm il ak Ayiti, Ispanyola, epi vizit sa se te konsènan Ayiti vizit la pa t gen anpil rapò ak Repiblik Dominikèn. Sa m vle di, pandan vizit li nan peyi a, kou l desann avyon an yo te poze l yon kesyon konsènan Ayiti. Jou maten sa a, li telefone Prezidan Kenya a Routo kote yo diskite Misyon miltinasyonal pou sipò sekirite Kenya ap dirije a. Yo te yon ti jan fache akòz yon repòtaj mwen te fè ak kèk lòt repòtaj sou enfòmasyon kote peyi Etazini, administrasyon Trump lan te frennen yon kontribisyon 15 Milyon dola kach peyi Etazini ta pral mete nan yon fon nan Nasyonzini pou finanse misyon sa a. Epi yo anonse sou sit entènèt Depatman d Eta a, epi nan Anbasad Ameriken an tou yo te bay 40 milyon, 40.7 milyon dola kòm garanti pou misyon ka kontinye. [00:30:00] Sa vle di men Etazini k ap depanse plizyè dizèn milyon dola nan yon lame etranje ki ann Ayiti nan yon moman kote y ap wete anplwaye ki al ede moun toupatou sou latè a epi y ap sispann finansman Etazini. Epi 2 semenn pita, prezidan an ap di peyi a an sekirite ase pou 500 mil moun tounen. Èske sa gen oken sans pou wou? Se la Ayisyen yo ye jodi a. Ou tande oditè yo k ap telefone yo, ou konnen jan gen moun ki vle al Ayiti. Yo vle ale la. Yo vle rete la. Yo vle leve piti yo la. Yo vle pou yo an sekirite. Men an menm tan tou, nan ki sa w ap voye moun yo tounen la a? Ou konnen jounen jodi a, ayewopò nan Pòtoprens lan fèmen nèt pou yon dezyèm fwa. E rezon an se paske FAA entèdi avyon al la apre gang ame te tire sou avyon twa konpayi Ameriken. Etazini kontinye ap depòte moun. Yo ale avè yo Okap, kote dlo fin kraze tout wout pou kite vil sa a epi si dlo pa kraze wout yo [00:31:00] se gang ame k ap kontwole wout sa yo. Speaker: Mwen pa t di Widlore Mérancourt babay, m ap tou fè sa kounye, Widlore se Editè anchèf yon jounal endepandan ki rele Aibo Post, ki nan Pòtoprens. Epi tou li fè repòtaj pou Washington Post tanzantan. Mèsi anpil pou tan ou, Widlore, epi pou tout enfòmasyon ou ban nou la a aswè a. Nou apresye sa anpil. Speaker 8: Mèsi. Speaker: Jackie, pou n kontinye ak sa w t ap di a, ki mwayen legal ou wè pou Ayisyen ki isit yo ki gen TPS kounye a ki ka evite yo depòte yo oswa ralanti depòtasyon y ap fè fas avè l la? Speaker 11: Bon, fò n sonje nan premye tèm li an ak premye administrasyon l lan, Prezidan Trump te mete fen nan TPS. Nan pwen sa a, sa te deklannche yon pwosè epi avoka yo te prezante kòm agiman se yon amnisti ki te baze sou ras. Te gen yon sitiyasyon rasis ki te an kesyon. Te gen kèk repòtaj ak kèk deklarasyon [00:32:00] ekip li a te fabrike rapò sa yo, sou kesyon jan Ayiti te an sekirite, sa pa t nesesè ankò pou yo te bay sitwayen l yo estati pwoteje, dabitid yo akòde peyi pwoteksyon sa a epi sitwayen peyi sa yo benefisye pwoteksyon imigrasyon tanporè sa a. Nou pale ak kèk avoka kote yo di nou sa pa t etone yo. Yo t ap atann Prezidan Trump tapral fè yon aksyon sou kesyon TPS la, swa pou anile li oubyen sa nou te wè a, kote yo wete 6 mwa sou li. Avoka yo di nou yo pral fè gouvènman an pwosè. Ira Kirzban, se te youn nan avoka imigrasyon ki gen pi gran renome nan peyi Etazini ki t ap menn batay sou kesyon imigrasyon Ayisyen depi nan ane 70 yo. Li di nou pral asiyen yo. Òganizasyon “Haitian Bridge Alliance” di y ap bay tout moun ki vle asiyen gouvènman Etazini an sipò. Nou pral oblije suiv sa k pral pase se pa Ayisyen sèlman ki nan sitiyasyon sa a, Venezwelyen yo ladan tou. Sa n ap asiste la a [00:33:00] se yon seri peyi ki nan rejyon an ki gen pi pwoblèm sekirite ak kriz imanitè kote peyi Etazini bay yon valè moun pwoteksyon legal, pwoteksyon tanporè legal nan peyi sa a. Epi kounye administrasyon peyi nou a ap di yo, non, tout bagay anfòm lakay yo. Fò yo retounen. Speaker 3: Jackie, ou te Lababad semenn pase a kote te gen yon reyinyon ak tout lidè nan karayib la pou pale sou sitiyasyon Ayiti a, espesyalman sou kesyon si y ap kapab fè eleksyon an novanm. Èske yo te kwè eleksyon ka fè nan peyi a si gang yo toujou ap dirije peyi a? Speaker 11: Bon sa te enteresan, rankont sa a fèt Lababad, paske ane pase, mwa sa a fè enn an, gouvènman peyi nan CARICOM nan, 15 ladan yo, Ayiti ladan tou. Peyi sa yo te ensiste fò Ayiti òganize eleksyon. Yo te mete anpil presyon sou Ariel Henry, se li ki te Premye Minis lè sa a. E m sonje nan konferans de près la mwen t ap poze yo kesyon sa a, èske se pa semans pou pwochen kriz la n ap plante la a? Yo pa menm okipe m. Epi nan demen nou wè sa k pase paske peyi a esploze, gang yo kowòdone yon seri atak ak lide pou dechouke gouvènman. Sa m vin dekouvri semenn pase a, gen plis divizyon pami gouvènman nan karayib la kounye a. Manman kesyon an se si bon eleksyon, se si nenpòt eleksyon, se si move eleksyon ta pi bon pase okenn eleksyon. Sa a se yon pawòl Eugina Charles te di sa gen kèk ane, manzè se te yon fanm vanyan nan karayib la, li te Premye minis Dominica. E sa se te pandan yon lòt peryòd Ayiti te nan yon lòt sitiyasyon. Gen kèk manm nan CARICOM jodi a ki kwè sa, gen kèk lòt ki pa kwè sa. Alafen se sa mwen remake, gen moun ki di fò nou fè eleksyon kèlkeswa jan sitiyasyon an ye, men kesyon moun kontinye ap poze a se kouman? Speaker 3: Se sa paske ou pa kab gen eleksyon san sekirite, epi misyon miltinasyonal ou t ap pale de li talè a, ki la pou ede lapolis ki bouke a, retabli sekirite, fèk pran yon lòt frap la a mwa sa a, jan w te mansyone sa, lè administrasyon Trump lan frennen milyon dola sa yo ki tapral ede yo.[00:35:00] Dimanch, youn nan ofisye Kenyen ki ap dirije fòs miltinasyonal la pèdi lavil nan operasyon yo tap mennen kont gang nan zòn Latibonit la. Èske gen oken chans pou yo ta netralize gang yo nan jou k ap vini yo, alewè nan mwa Novanm pou eleksyon yo? Speaker 11: Nan mwa desanm nan, nou te gen kèk jounalis ki te al nan yon konferans pou laprès epi yo te tire sou yo. Epi, yo met dife nan sèl lopital ki pran swen moun ki malad grav. Semenn pase a menm anvan ensidan sa a kote yo t ap tire a, ou te gen sòlda Kenyen nan mòn ki sou tèt Pòtoprens yo ki t ap eseye anpeche dènye 10 pou san vil la vin sou kontwòl gang. Epi fòsdelòd yo te gaye toupatou paske te gen atak nan 2 zòn kle nan mitan Pòtoprens la epi fòsdelòd yo pa t ka kenbe konpa avè yo. An menm tan tou, te gen yon Konfwontasyon ak gang yo nan Latibonit. Nou pa menm gen 2500 sòlda Kenyen nan peyi a kounye a. [00:36:00] Nan dènye eleksyon ki te fèt ann Ayiti an 2016 la, nou te gen kat a senk fwa lavalè kaskèt ble sou teritwa a epi malgre sa nou te gen vyolans politik pandan eleksyon sa yo. Speaker: Ann pran yon lòt apèl Corrine nan Fort Lauderdale. Ou sou emisyon Haiti on the Line. Alo Corrine Speaker 12: Alo, mèsi Pam. Mèsi tout moun pou emisyon sa a. Bob, mwen panse sa enpòtan anpil pou nou jwenn enfòmasyon nan dyaspora a. N ap soufri kounye a e se pa kòmansman trajedi nou. Mwen panse nou te toujou anba atak. Depi an 1994, lè Etazini te mennen Aristide tounen ann Ayiti epi yo ban nou gwoup Nasyonzini an se sa ki te kòmanse boulvès yo ann Ayiti paske yo te kòmanse fòme yon pakèt gang nan geto tankou site solèy ak lòt kote. Gang sa yo kòmanse pran rasin ak Jean Bètran Aristide, epi sa vin pi pal ak Joseph Martelly. Sa nou vle nan men Etazini se pou yo sispann voye gang ann Ayiti. Lè yo va sispann fè sa Ayiti ap kapab omwen gen yon ti libète. Epi mwen pa dakò ak moun k ap di li pi bon pou n ta gen move eleksyon pase pou n pa gen eleksyon ditou. Li lè pou nou Ayisyen pou sispann, pou n sispann chwazi ant sa ki move ak sa ki mal. Nou bezwen eleksyon ki jis, ki bon epi ki byen òganize ann Ayiti tankou tou lòt kote. Nou dwe kòmanse panse bati yon peyi kote tout moun [00:38:00] santi yo an sekirite. Nan Afghanistan, menm moun sa yo vle rete nan peyi yo, nan Pakistan, Izrayèl, yo gen lagè lakay yo men malgre sa yo vle ret nan peyi pa yo. Speaker: Karine, n ap kanpe la paske fò nou pran yon ti pòz. Mèsi pou tout sa ou di yo. Anvan nou pran ti pòz la an 30 segonn, Jackie, Ki lide ki pase nan tèt pandan w ap koute Karin? Li vin ak plizyè lide enpòtan la a. Speaker 11: Bon men sa m ap di sou diktati Duvalier a, ou te gen tonton makout yo. Mwen vle di, sa fasil pou mete tout blam nan sou do yon sèl moun. Men jodi a fò n gade pwoblèm inegalite a ann Ayiti. Se pa yon kesyon Etazini enpòte gang yo, men fò nou onèt epi fò n di, èske sitiyasyon ann Ayiti jodi a, kouman sa kreye rasin pou gang yo? Nou ka pale de sa apre nou fin pran ti pòz la. Men, 70 pou san nan gang yo se timoun. Speaker: N ap kontinye sou pwen sa a apre ti pòz la, Sa a se emisyon Haiti on the Line. [00:39:00] [00:40:00] Sa a se emisyon Haiti on the Line nan WNYC, New York, WLRN, Miami, epi nan GBH, Boston. Se yon emisyon espesyal nan twa vil ki gen plis Ayisyen nan peyi Etazini. Mwen rele Brian Lehrer. Si ou fèk kapte emisyon sa a, n ap pase 90 minit aswè a pou n pale de sitiyasyon Ayiti a ak rezistans12 milyon moun ki abite nan peyi a. An menm tan tou, n ap diskite kouman lavi a ye pou moun ki kite peyi yo pou vin chèche yon lavi miyò nan peyi Etazini. Se yon bagay ki vin konplike semenn pase a lè Prezidan Trump anonse l ap sispann pwoteksyon TPS pou 500, 000 Ayisyen k ap viv isit ki genyen TPS. Nou t ap pale ak Jacqueline Charles e n ap kontinye pale avè li, [00:41:00] li se yon jounalis Miami Herald ki deja genyen plizyè prim, ki fè repòtaj sitou sou Karayib la. Epi n ap vini ak yon lòt vwa nou abitye tande epi ak yon nouvo vwa, Soraya Wintersmith ki anwo nan Boston. Ou toujou la avè nou? Speaker 2: Alo Brian, mwen toujou la avè w. Mwen pa t ap janm kite w kon sa epi mwen gen avè mwen yon dam Boston ki ap ki ap ede anpil imigran Ayisyen òganize lavi yo nan peyi Etazini. Se Doktè Gerald Gabeau ki la a avè nou sou zoom. Tit ofisyèl li se PDG immigrant family services institute. Se yon òganizasyon ki isit. Manzè fonde òganizasyon sa a pou ede imigran jwenn travay, jwenn kay pou yo rete, epi ede yo konprann sistèm imigrasyon konplike sa a nou genyen an. Kòm mwen te di gwoup la gen biwo li isit nan Boston, men yo ede moun ki toupatou nan peyi a epi apeprè 60 pou san kliyantèl yo se Ayisyen. Speaker: Se egzakteman ak yon moun kon sa nou vle pale [00:42:00] pou moman n ap viv kounye a. Doktè Gabeau, nou byen kontan akeyi w sou Haiti On The Line. Speaker 13: Mèsi poutèt nou envite mwen. Se yon plezi pou mwen. Speaker: Soraya, ou gen yon kesyon. Speaker 2: Wi men gen yon kesyon. Premyèman mwen vle di, Doktè Gabeau, ou se temwayaj kouraj ak jenewozite pèp Ayisyen an, e mwen gen anpil rekonesans anvè ou poutèt ou ban nou tan ou aswè a. Kouman aktivite yo ap mache depi administrasyon Trump lan chanje pwoteksyon TPS la pou Ayisyen isit nan peyi Etazini? Mwen imajine sa difisil pou wou. Speaker 13: Wi, bagay yo difisil anpil. Epi, ou konnen, pou fanmi n ap ede yo, yo vrèman pè, tèt yo chaje, yo twouble. Se prèske chak jou gen yon liy moun nan biwo a epi y ap mande, sa k pral pase? Ki sa pou n fè kounye a? Se yon moman ki difisil pou nou kounye a antan lidè epi sa difisil tou pou moun nan kominote a. Speaker 2: Pale de jan lòd prezidan an afekte travay w ap fè chak jou a? Speaker 13: Bon sa afekte nou nan tout sans, paske [00:43:00] nou travay ak fanmi, kòm ou t ap di, pou ede yo al lekòl pou yo kab jwenn yon pi bon djòb. Kounye akòz enkyetid yo, yo pa menm vle vin nan klas. Nou travay ak timoun ki bezwen al lekòl, la ankò, lè w ap tande paran k ap di sa di pou m santim mwen an sekirite sitou si timoun nan te fèt isit epi paran you gen TPS, laperèz yo genyen pou leta pa separe yo. Menm sèvis legal nou bay, tout kalite sèvis legal pou fanmi. Kounye a yo gen anpil konfizyon nan tèt yo. Pou ki sa pou m aplike kounye a? Ki kalite pwoteksyon mwen bezwen kounye a? Sitiyasyon sa afekte travay nou tou jan. Travay nou se asire yo tout bagay ap anfòm pou yo. Kouman pou nou fè sa [00:44:00] lè ou gen yon lòd egzekitif chak jou, yon nouvo memo, k ap ba w diferan enfòmasyon. Sa di anpil. Speaker 2: Doktè Gabeau, mwen konnen yo fèk fè anons yo, men èske konn ki konsèy ou pral bay moun ki gen TPS pou ede jwenn yon chemen pou yo vanse epi pou yo kab jwenn pèmi travay yo? Speaker 13: Wi, definitivman. Nou gen plizyè mwa depi n ap pale avè yo. Depi nan peryòd eleksyon an n ap pale ak moun ki ten TPS yo. Epi ou konnen, n ap eseye gide yo pou yo mennen lòt demach pou yo gen yon lòt nivo pwoteksyon. Kwè m si w vle, mwen konnen lè n te pale ak tout moun k ap defann kòz imigran yo, tout avoka yo, yo te di nou nou konnen atak sou TPS la ap vini e se pou sa nou te vle tout moun kòmanse reflechi sou yon lòt kouch pwoteksyon epi nan kèk ka se azil, nan kèk lòt ka se reyinifikasyon fanmi. [00:45:00] Chak jou nou pale, nou rankontre avè yo, nou vin ak avoka. Se yon analiz ka pa ka. Mo kle a se ajoute yon lòt kouch oswa yon lòt nivo pwoteksyon ki kab ede w rete nan peyi sa a. Men tou nou re-asire yo nou pral goumen. Nou te goumen premye fwa a epi nou te genyen. Epi nou konnen nou pral goumen ankò fwa sa a epi nou pral genyen. Men an menm tan tou nou vle pou moun yo gen nivo pwoteksyon sa a ak yon lòt nivo pwoteksyon tou. Speaker 2: Doktè Cabot, pandan m ap fè rechèch pou m prepare m pou emisyon sa a aswè a, mwen vin reyalize lè moun yo rive isit, gen anpil posiblite yo temwen oswa yo viktim yon zak ki lakòz yo soufri yon gwo chòk emosyonèl ak sikolojik. Pale de jan sa ye lè w ap eseye ede yon moun nan yon eta kon sa. Speaker 13: Ohh, fò m di ou sa difisil anpil pou nou menm k ap bay sèvis lè nou rankontre ak [00:46:00] plizyè fanmi chak jou pou nou koute istwa yo epi chak gen yon istwa ki lakòz yo soufri gwo chòk. Yo gen istwa sou valè bagay yo pèdi. Yo pèdi anpil bagay kit se ann Ayiti, kit se pandan yo te an vwayaj pou yo kab rive isit nan peyi Etazini. Anpil fwa nou devni sa yo rele viktim dezyèm men paske lè n koute istwa yo epi ou re-koute yo ankò plizyè fwa, ou santi lapenn yo ak pèt yo fè pou yo kab vin isit, ou pa ka epaye sa. Se pa bagay ki menm fasil pou imajine, paran ki pèdi pitit, madanm ki pèdi mari, mari ki pèdi madanm. Pou w ap gade y ap boule tout zòn kote w rete a. Se yon seri bagay ki trajik anpil e se pa yon bagay pou politisyen ap jwe ak sa ditou. Speaker 2: Epi nou nan yon sitiyasyon ki inik [00:47:00] paske ou vin pwòch ak moun ki bezwen èd. Ki sa w ta ka fè oditè nou yo konprann sa moun w ap ede yo bezwen kounye a? Speaker 13: Pou kounye ase reflechi sou byennèt emosyonèl yo, premyèman yo deja pran yon gwo chòk, kounye a y ap pran yon lòt seri move chòk. Poutèt sa yo bezwen anpil sipò emosyonèl, se sa k fè anpil fwa mwen pa kontan menm ak moun ki sou TikTok yo, y ap pase tout kalite manti sou moun yo, y ap ajoute sou chòk fanmi sa yo deja ap sibi. Nou panse epòk sa yo se epòk pou nou sèvi ak sajès nou nan kesyon sa n ap pataje ou rezo yo epi kouman n ap pataje li. Kèlkeswa sa nou fè gen yon efè sou anpil moun. Kòm mwen te deja di, tout moun bezwen gen yon lòt nivo pwoteksyon. Epi kòm ou konnen pou jwenn bon avoka se pa bagay ki bon mache. Se sa k fè nou mande tout moun ki gen yon esperyans, ki kab ede oubyen ki kab ba nou sipò pou nou peye plis avoka pou travay pou nou. [00:48:00] Sa a enpòtan. Epi n ap di tout moun pou yo pwofite moman sa a pou yo aprann yon metye, pou yo kab travay, pou yo kab jwenn pi bon travay pase travay yo te gen anvan an. Se yon lòt etap pou wou paske sa kab ede w jwenn yon travay ki ta ka dakò pou sponnsorize ou. Yon lòt fwa ankò se anpil refleksyon paske kounye an fanmi n ap ede yo gen bezwen tout kalite sipò ou kab imajine, sitou si yo ta pèdi travay yo, sa se pi gwo krent moun genyen kounye a. Men gen yon djòb men pèmi travay mwen prèt pou fini, sa k pral pase si yo pa renouvle pèmi travay sa a? Sa k pral pase mwen? Mwen fèt lwe yon kote pou m rete ak fanmi mwen, kouman m pral fè peye l? Se pa de kesyon kon sa fanmi yo pa genyen, e mwen panse se yon moman pou nou reflechi pi plis sou kouman nou kapab ede fanmi sa yo. Speaker 3: Okee. Mèsi anpil [00:49:00] Doktè Gabbo. Nou apresye konesans ou sou sijè sa a. Nou pral pale ankò ak Jacqueline Charles ki nan Miami, um, Jacqueline, gen anpil moun ki kòmanse panse fòs entènasyonal Kenya ap dirije a yo ta dwe transfòme l an yon Misyon militè Nasyonzini ki konplè pou mete lapè nan peyi a. Men lide sa a tou gen anpil move souvni konsènan lòt entèvansyon entènasyonal ki pa t pote bon rezilta ann Ayiti. Men an menm tan tou, èske gen okenn lòt solisyon nan pwen sa a? Speaker 11: Ou konnen, mwen t ap analize sitiyasyon sa a jodi a epi mwen wè atitid moun kòmanse chanje. Apre 2021, apre yo te fin asasinen prezidan an, gen moun ki t ap di non, nou pa vle oken sòlda entènasyonal sou teritwa Ayisyen an. Moun yo si tèlman dezespere kounye a. Mwen fèk sot Ayiti sa gen 2 mwa, menm moun ki pa abite Pòtoprens ap viv ak krent sa a, sa k ap pase nan Pòtoprens lan ka rive sou wou nenpòt ki lè. Sa nou wè ak gwoup lame sa a, yo gen menm pwoblèm ak lapolis nasyonal Ayisyen an, yo pa gen ase moun. Valè sòlda yo genyen yo pa ase. Sa se yon peyi kote nou pa gen wout. Nou gen anpil mòn [00:50:00]. Nou tande gen apeprè 1000 a 3000 gang ki kache nan mòn sou tèt Pòtoprens. Port au Prince, ou bezwen elikoptè. Epi jodi a, gwoup sòlda sa yo pa gen elikoptè. Dapre estanda Nasyonzini tout misyon y ap fè pou mentni lapè dwe gen elikoptè. Nou gen gang k ap sèvi ak zam militè k ap tire anndan machin blende anbasad ameriken. Kouman pou w fè yon travay kon sa ak sa ou gen sou chann batay la kounye a? Speaker 3: Se yon sitiyasyon [inaudible] an reyalite. Men an menm tan tou ou gen yon konsèy prezidansyèl tranzisyon an plas depi Ete ane pase ki fè konnen yo se gouvènman k ap gouvène Ayiti kounye a. Epi l ap di nou li kapab òganize eleksyon anvan fen ane a. You nan nèf manm li yo Laurent Saint Cyr, te nan rankont ou te al ladan Lababad semenn pase a. Èske kominote entènasyonal la ak Ayisyen yo vrèman konsidere konsèy gouvènman tranzisyon sa a efektif? Speaker 11: Ou gen yon Konsèy Tranzisyon kote yo akize 3 manm pou yon eskandal podven labank [00:51:00] eskize mwen, Etazini ak lòt moun ta renmen wè disparèt. Premye bagay la se kredibilite. Èske gwoup sa a gen kredibilite pou al fè eleksyon nan yon peyi kote yon kriz dwa kòmanse oswa li vin pi mal akòz eleksyon? Se sa difikilte yo ye kounye a konsènan konsèy prezidansyèl sa a. Lorant Saint Cyr di nan reyinyon CARICOM nan, konsèy la pare pou l fè eleksyon nan fen ane sa a, men m pa konnen kilès moun ki ka di w kounye a ki moun ki enskri pou al nan eleksyon an? Nou tande Leslie Voltaire, prezidan konsèy la, mwa pase a, ki di: n ap konsantre sou sèlman sou 8 depatman rejyonal kote nou pa gen yon pwoblèm gang. Men, kote ki gen pwoblèm gang yo, nan Pòtoprens ak latibonit, kote sa yo reprezante 60 pou san elektè yo. Speaker: Ann pran yon lòt apèl. Men Vincent nan Amherst, Mass. Vincent, ou sou emisyon Haiti On The Line. Alo. Speaker 15: Alo. [00:52:00] Mwen pa yon avoka, men mwen gen kèk vwazen ki janti anpil. Se yon jèn fanmi Ayisyen. Mwen panse you nan bagay tout moun ki te fache poutèt pawòl yo te di sou Ayisyen nan Springfield, Ohio, kapab, anplis istwa peyi, move istwa parapò ak President Aristide ak koudeta 1946 la, kote lide sa yo se sijè ki parèt nan yon nouvo liv. Tout moun kab aji an bon vwazen. Ou pa bezwen yon doktora. Pa gen okenn Doktora nan lanmou ak viv ansanm. Ou kapab envite pitit vwazen Ayisyen w yo nan fèt pitit ou, ou kab envite yo vin jwe lakay ou. Ou kab ede jèn pitit yo aprann kondi pou yo kab al pran lisans yo. Ou kab pran moun pou travay epi byen peye yo. Kanpe an kwa devan politisyen ki kòmanse ap depale [00:53:00]. Speaker: Vincent, mèsi anpil. Doktè Gabbo èske w renmen repons sa? Sa se kalite konsèy moun ki gen bon kè ka bay, mwen panse se bon konsèy yon moun ki pa Ayisyen nan Massachusetts ka bay lòt moun ki pa Ayisyen nan Peyi Etazini. Speaker 13: Definitivman. Nou bezwen sipò. Nou bezwen konpasyon. Nou bezwen renmen epi nou bezwen moun omwen konprann ki moun nou ye e kouman nou fè rive kote nou ye a. Nenpòt ti jès, nenpòt ti jantiyès ap fè anpil. Paske, se sèl fason pou nou konbat sa k ap pase deyò a, sa ka p pase yo si tèlman lèd. E se poutèt sa n ap mande tout moun pou yo montre jan youn renmen lòt, pou yo montre konpasyon yo, pou yo montre bonte yo ak sipò yo. Speaker: Mustafa in Hampton Beach, Florida. On nan emisyon Haiti on the Line. Alo, Mustafa. Speaker 14: Bonswa. Konvèsasyon sa a enteresan. Speaker: Mèsi. Ki sa ou ta renmen ajoute? [00:54:00] Speaker 14: Bon sa m ta vle di wòl prensipal mwen kòm veterinè anchèf pandan peryòd epidemi an se pou rezon sa a ki fè Depatman Agrikilti USDA te voye m ale nan peyi a. Dezan edmi mwen fè ap travay ann Ayiti lè sa a te montre mwen jan Ayisyen se bon moun yo ye, yo travay di, epi yo vle yon lavi miyò menm jan ak nou tout. E dapre sa m tande nan bouch lòt moun ki rele yo, chak gen istwa pa yo. Yo gen opinyon pa yo konsènan sa k ap pase politikman, men si w al nan politik, se pa menm bagay ak si w al fè travay medsin ann Ayiti nan epòk mwen te la a. An prensip mwen santi mwen gen anpil senpati pou popilasyon Ayisyen, [00:55:00] ki vini nan Peyi Etazini, e mwen santi krent se yon move bagay pou yon moun genyen, e mwen swete mwen ka fè yon bagay pou m ede, men an menm tan tou, gen yon solisyon nou ta renmen pou tout imigran oswa pèp ki imigre vin nan peyi Etazini. Si nou gen bon entansyon tout bon, m ap mande m kouman nou ka voye plizyè bilyon bay Ukraine epi lòt peyi ki apeprè sis a 7 mil mil a distans nou, epi nou pa kab voye yon dizyèm nan lajan sa ann Ayiti, epi se yon vwazen ki tou pre nou, kote nou kab bati faktori pou anpeche yo vin anvayi peyi Etazini. Speaker: Mustafa, mèsi. Mèsi anpil, e antan doktè, mèsi pou travay ou. Jackie Charles pou Ameriken, menm lè administrasyon Trump lan ap anile anpil lajan ki te dwe al Ayiti [00:56:00], youn nan reyalite ki wonte nan kriz sa a, nou t ap pale de sa talè a, se kesyon tout zam fan fwa gang yo genyen yo se nan peyi Etazini moun achte yo pote ba yo, espesyalman nan Eta Florid, se la yo soti, akòz lwa fèb yo mete anplas yo. E mwen tande anpil fwa se politisyen ak mèt gran biznis ann Ayiti k ap vann yo epi ki sipòte gang sa yo. Pou ki sa politisyen ak mèt gran biznis ap ede gang k ap detui sosyete sivil la? Speaker 11: Bon, m ap di w zam yo se tout moun k ap vann yo. Afè trafik zam nan se yon biznis li ye nan tout karayib la. Epi sa Biwo Department of Homeland Security di nou bò isit la, yo pa pral tcheke tout bagay moun ap espòte. Si yon moun avèti yo, y ap tcheke sa. Epi si w ap kalkile tout èd Etazini bay Ayiti nan ane ki pase yo, menm anvan sispansyon yo genyen kounye a, pa menm gen yon grenn eskanè nan peyi a, pou menm jwenn zam moun ap trafike yo. Lè w ap kalkile, [00:57:00] nan vil Okap paregzanp gen 8 polisye ki ta dwe ap veye moun k ap fè trafik dwòg, ki chita la nan yon solèy cho k ap ouvè tout bwat alamen pou wè si yo kab bare moun k ap pase ak bal ak zam k ap vin ann Ayiti, lè w ap panse a sa, mwen panse sa fasil pou tout moun di se elit yo k ap fè sa. Se tout moun. Ou gen yon sitiyasyon kote gang yo ap vòlè lajan moun. Ou gen moun ki gen biznis. Y ap peye gang pou yo kab kontinye ret nan biznis. Epi apre sa ou gen politisyen ki ap sèvi ak gang yo. Mwen dekouvri nan dènye eleksyon an gen yon lwa ki di depi yo akize w de yon krim, yo pa menm bezwen voye manda ba wou, depi se akize sèlman yo akize w, ou pa kab poze kandidati w pou okenn pozisyon. Etazini te mele anpil nan eleksyon yo epi malgre sa detay sa glise pase devan je tout moun kote yo wete sa nan lwa elektoral yo. Mwen pase nan biwo yon polisye, ki sa m wè? Tout dosye sa yo [00:58:00] dosye kandida ki pa ta dwe nan eleksyon an si lwa sa a te egziste. Kounye a sa nou genyen se bandi legal. Se kon sa nou rive nan pwen nou ye jodi a. Speaker: Inè d tan gen tan rive sou nou, Jackie Charles ki soti nan Miami Herald, mèsi pou repòtaj ou fè, epi mèsi pou tan ou pase avè nou aswè a. Doktè Gabeau va ret avè nou apre pòz la, epi nou pral pale ak manm Kongrè Sheila Cherfilus McCormick, yon Ayisyen Ameriken ki soti nan Eta Florid, n ap kontinye ak emisyon Haiti on the line.[00:59:00] [01:00:00] Nou retounen, tout moun, nan emisyon Haiti on the Line, se yon emisyon espesyal GBH Boston, WNYC New York, ak WLRN Miami ap fè, se twa vil ki gen plis Ayisyen nan peyi Etazini. Mwen rele Brian Lehrer. N ap fè w sonje nou ta renmen tande sa w panse ak istwa ou ta vle rakonte nou ak plan ou genyen kounye a pandan Prezidan Trump anonse jedi li pral koupe TPS pou plizyè mil Ayisyen yo te pèmèt rete isit akòz yon seri move sitiyasyon ann Ayiti. Telefone 844 745 TALK nan Florid, New York, Massachusetts, oubyen nenpòt lòt kote w ap koute nou. 844 745 TALK. Talè kon sa, youn manm Kongrè nan peyi Etazini ki reprezante Distri 20 nan Eta Florid ap vin pase yon moman avè nou, distri sa sitiye sou bò sid ak sou bò wès Mar a Lago, [01:01:00]. Li se dezyèm Ayisyen ki Ameriken yo janm eli pou al nan Kongrè. Li pral vin la a ansanm avè nou. Men n ap kontinye ak Doktè Gerald Gabeau, tit ofisyèl li se PDG Immigrant Family Services Institute, ak Tim Padgett nan Miami ak Soraya Wintersmith nan Boston. Soraya, ou vle kontinye? Speaker 2: Alo, wi Doktè Gabeau, mwen ta renmen konsantre sou sa k pase nan tèt mwen lè m ap panse jan Peyi Etazini se yon peyi istorikman ki gen kòm renome pou l akeyi moun ki soti lòt kote. E dapre mwen, sanble w ap ede moun ki vin fè esperyans nan nouvo kote sa a. Èske w wè tèt ou tankou yon moun k ap ede kenbe yon tradisyon Ameriken nan yon moman dwòl nan istwa peyi a? Speaker 13: Oh, definitivman, uh, nan pwen kote m ap resevwa anpil kout fil, kote moun ap di m pou m reflechi pou m konn si m pral pe bouch mwen oswa si m pral pale? Epi mwen di tout moun, moman sa a se pa lè pou nou [01:02:00] ret bèbè, paske sa n ap fè a rantre nan tradisyon Ameriken an, kòm ou di, akeyi etranje pami nou. Sitou, jan w wè sa, menm moun ki relijye nan Bib la, se yon nan vèsè ki sot nan Bib la anpil moun konnen. Akeyi etranje ki pami nou, ba yo manje, montre yo chemen an, e se sa n ap fè. Pou nou nan yon pozisyon kote nou oblije repanse, si pou nou fè sa oubyen si pou n pa fè sa, mwen panse se yon bagay ki etranj pou nou paske m ap di w sa ankò, se pou rezon sa a menm nou la. Se sa fè travay sa a se yon bon travay pou moun fè, e m pa panse nou ta dwe vire do bay pèp nou an, bay moun ki pi vilnerab pami nou yo. Nou pa ka vire do ba moun ki pran tout chòk sa yo, tout difikilte sa yo pou yo kab vin la a, nou pa kab vire do ba yo. Speaker: Kounye nou gen manm Kongrè a avè nou [01:03:00] Depite Cherfilus McCormick ki sou liy lan avè nou. Distrik li a sitiye, m ap di sou bò sid ak bò wès Mar a Lago. Tim nan Miami, ou mèt kontinye? Manm Kongrè Madam Cherfilus McCormick, mèsi anpil poutèt ou vin pran pa nan emisyon an Speaker 3: aswè a. Speaker 16: Alo, mèsi poutèt nou resevwa mwen. Speaker 3: Antan manm Kongrè, ou menm ak komite Ayiti nan kongrè a pibliye yon deklarasyon fèm ki kondane desizyon administrasyon Trump semenn pase a pou mete yon fen nan pwogram TPS la, pou mwatye yon milyon Ayisyen ki nan peyi Etazini ki te gen pwoteksyon pou yo pa depòte yo retounen Ayiti. Ou rele sa yon zak ki wonte, ki kriyèl, epi ki brital, epi se kapab yon kondanasyon a mò pou Ayisyen sa yo. Pou ki sa? Speaker 16: Bon kritè ki te lakòz pou nou menm konsidere Ayiti pou l resevwa TPS, kondisyon sa yo la toujou. O kontrè yo vin pi mal. Nou wè gang yo ap vin pi vyolan de jou an jou. Nou wè Ayiti toujou nan pozisyon pou anpil moun mouri grangou ladan. Epi pou byen di w, katèl yo kontinye gen gwo enfliyans [01:04:00] pou yo kontinye pote zam ann Ayiti epi nan tout karayib la. Enben nan sikonstans sa yo kote y ap touye plis moun, nou fèk pran nouvèl, gen youn nan sòlda Kenyen yo ki mouri, sikonstans peyi a pa chanje. Pou ki sa pou nou chanje politik? Epi lè nou gade avantaj moun ki resevwa TPS yo pote nan kominote nou yo, nan peyi nou an, pa gen oken rezon pou pran yon desizyon kon sa amwenske w ap eseye fè yon deklarasyon, ki vin yon deklarasyon kriyèl. Speaker 3: Se sa. Kounye a, TPS te gen pou l ekspire pou Ayisyen fevriye pwochen, an 2026, olye de sa Prezidan Trump tounen mete l pou 3 out. Kouman moun tankou w, lidè nan kominote Ayisyen yo planifye pou konteste desizyon sa a? Ki sa ki kab fèt swa nan Kongrè a kote yo kreye pwogram sa a, oswa nan tribinal kote Ayisyen ap kòmanse reyalize yo kab depòte yo apati 3 out sizoka lapolis ta rete yo pou ba yo yon kontravansyon, paregzanp? Speaker 16: Bon jiskaprezan n ap defann kòz la nan tribinal [01:05:00] epi n ap travay ak diferan gwoup k ap defann kòz la ki pral montre jan sikonstans yo pa chanje ki fè pwogram TPS la ak estansyon pwogram nan dwe ret an plas. Lòt bagay n ap fè se mete tèt nou ansanm epi kontinye pale sou sijè a epi ekri lèt, pou nou fè administrasyon konnen tout bon kouman desizyon sa a pral fè gwo efè ekonomik sou biznis nou yo. Majorite ayisyen ki gen TPS ki isit, gen apeprè 500 mil Ayisyen kon sa ki gen TPS, epi dat sa a, pou voye yo ale a, prèske rive sou nou, 3 out sou nou la nan mwens pase 5 mwa? Èske biznis yo pare pou yo pran frap sa a? Epi lè n ap gade sektè biznis la an patikilye, sa pral plis frape biznis konstriksyon an kote nou wè yon gwo lavant, espesyalman moun nan Florid k ap achte kay, epi nou si tèlman gen rate kay, nou gen rate kay ki a pri abòdab, pou m di w laverite, moun sa yo jwe yon wòl enpòtan lè yo pran djòb sa yo, lè se nan kategori travay nan otèl ak nan sant de sante yo menm se pa pale. Èske nou pare pou nou voye 500, 000 moun ale nan 5 mwa? Èske nou fòme oken moun pou ranplase moun sa yo? Se pa nou menm sèlman ak manm nan kominote nou yo ki dwe ap goumen [01:06:00] n ap mande biznis depòtasyon sa yo pral afekte yo kote yo? Konpayi konstriksyon depòtasyon sa yo pral afekte yo kote yo? Konpayi konstriksyon yo, lopital yo? Kote gwoup envestisman prive depòtasyon sa yo pral afekte yo? Yo tout dwe met kò yo deyò pou yo antre nan batay la avè nou pou yo ka konprann gwo efè ekonomi nou pral fè fas avè l la nan senk mwa. Speaker: Depite, ou konnen, Prezidan Trump sispann TPS mwa sa pou plizyè santèn Venezwelyen, mwen sèten ou konn sa. Epi Administrasyon Trump lan fè konnen estati pwoteksyon tanporè a dwe retounen vin yon bagay tanporè. Dapre sa li di, se pa responsablite peyi Etazini pou yo bay tout moun tout peyi ki nan move kondisyon yon kote pou yo rete. Ki sa ou menm kòm Depite ta di nan pawòl sa a? Speaker 16: Mwen dakò avè a san pou san. Men, se responsablite pa nou lè sekirite nasyonal nou an danje pou nou diminye kèk nan sikonstans sa yo epi kenbe moun sa yo isit olye nou voye yo tounen pou al agrave sitiyasyon [01:07:00] vyolans ki deja nan kote yo prale a. Paske sa ap lakòz yo tounen sou fontyè nou yo ankò, epi sa poze yon gwo pwoblèm sekirite nasyonal pou nou. Si w ap suiv sitiyasyon an, sa k ap pase an Ayiti yo. Se pa Ayisyen sèlman ak volans ki fèt ann Ayiti sèlman. Se katèl yo. Se katèl yo ki la pye kou pye avè nou ki lakòz enstabilite sa a ki lakòz enstabilite politik sa a. Ki moun ou panse… si nou met kò nou sou kote, epi nou voye tout mou tounen lakay yo, nan ki sa n ap voye yo tounen? Vyolans lan ap vin pi mal toujou. Ou pral gen plis moun k ap vin sou fwontyè nou yo epi sitiyasyon an pral vin pi konplike sou fontyè nou yo. Si nou pral pran… si nou serye sou kesyon konbat katèl yo, fò nou serye nan kesyon kontwole zam ki soti nan peyi Etazini ki pral tonbe nan men gang Ayisyen ki ap kolabore ak katèl yo. Fò n mete yon fen nan sa. Se pa yon kesyon jenewozite epi ede lezòt sèlman. Nou gen enterè pou nou asire Ayisyen ki gen TPS yo rete la a jiskaske nou kab fè Ayiti vin estab. Nou deja fè gran pa pou nou reyalize sa. [01:08:00] Malerezman, misyon nou te kòmanse a pa t gen ase finansman nan men alye nou yo ki pa t mete ase lajan pou reyalize misyon an. Epi, fò nou analize sitiyasyon sa yon lòt jan. Mwen panse nou pral oblije panse petèt voye yon gwoup militè al ann Ayiti pou al pran kèk nan lidè gang yo. Se pa ta yon atak nan tout peyi a, men fò nou ogmante aksyon nou pou nou asire sitiyasyon an pa gaye nan tout karayib la ki nan pa pòt nou la a. Speaker 3: Depite, ou se youn nan moun ki ede kreye lwa sa a ki konsène Ayiti, lwa ki pote non angle “Haiti Criminal Collusion Transparency Act”, ki bay peyi Etazini plis pouvwa oubyen ki ta bay Etazini plis fòs pou aji kont elit politik ak elit biznis yo akize kòm moun ki finanse gang ann Ayiti. Nan opinyon pa w pou ki sa ou panse lwa sa enpòtan anpil? Epi nan ki pwen lwa sa a ye kounye a? Speaker 16: Bon pou kounye a, n ap travay sou li toujou. Nou swete y ap pran pwojè lwa a pou n ka vanse avè l. Mwen panse tou de pati politik yo rekonèt enpòtans li. Nou reyalize anpil enstabilite k ap pase ann Ayiti [01:09:00] se Ayisyen Ameriken k ap finanse yo oswa moun ki gen biznis y ap mennen nan peyi Etazini. Epi jan m te deja mansyone sa, se yon bagay ki konsène nou anpil paske yon peyi ki pa estab se yon opòtinite pou nenpòt lòt gouvènman antre nan peyi a, nenpòt lòt antite etranje. Nou wè sa ak asasina prezidan an, n ap poze tèt nou kesyon ki moun ki fè sa? Nou te menm tande rimè se te moun ki te soti Kolonbi oswa Venezwela. Gen anpil rimè epi gen anpil nesesite pou nou asire rejyon an estab. Dènye fwa nou te fè konvèsasyon sa a, tou de kan yo te konprann sa. N ap kontinye suiv sitiyasyon an epi nou pral asire nou gen enfòmasyon sou pwojè lwa nou vote a. Kounye a nou pral ajoute sou li, nou gen rapò sa a kounye a epi nou gen kèk egzijans nou mete an plas. Nou gen plis kondisyon pou nou pousiv moun lajistis nan pwojè lwa a. Fò nou pran lwa sa a pi o serye. Pwochen etap la se asire nou arete moun yo gen manda arestasyon pou yo. Nou gen moun ann Ayiti kounye a ki mele nan gang sa yo k ap teworize popilasyon an, k ap destabilize rejyon an, epi yo gen manda arestasyon pou yo isit [01:10:00] nan peyi Etazini. Speaker: Fò nou aji Speaker 16: yon jan ki pi agresif. Speaker: Depite, nou gen yon oditè nan Sid Miami ki sou liy lan mwen panse ki vle pale de menm sijè a ap pale a. Roland nan Sid Miami, ou nan emisyon Haiti on the line. Alo. Mèsi pou apèl ou. Speaker 17: Alo. Mwen te vle di, y ap depanse anpil resous toupatou sou latè a ap kouri dèyè Ayisyen. Ou gen Bahamas, Repiblik Dominikèn, Etazini, Kanada, Lafrans, tout peyi sa yo. Yo chak ap depanse yon pakèt kòb pou yo fè sa sèlman. Petèt gen yon ti klate nan sa Trump ap sijere a ak yon ti konpasyon ladan. OK. Ayisyen pa bezwen yo klase yo oken kote. Si w vle ede yo toutbon, ou gen Gwantanamo, Kiba, ou gen Guantanamo, Cuba. Ou gen baz militè Pòtoriko, ak la [01:11:00] nan Sid Florid, antrene 5 mil 1o mil Ayisyen pou y al defè sa k ap fèt nan peyi a paske se yo ki lakòz sa ansanm ak lòt peyi etranje. Men si w vle ede yo, ede yo ak diyite. Pa wete diyite yo. Antrene yo, voye yo tounen, pou yo ka al netwaye teren an pou 500, 000 kab tounen. Epi, tout moun gen dwa retounen legalman si yo chwazi fè sa, si yo kalifye. Se pa tout moun ki vle kite peyi yo. Majorite moun vle rete nan peyi yo si yo kab sove tèt yo anba move zak epi pitit yo kab al lekòl epi yo kab pwospere nan peyi yo. Kòm mwen t ap di, kapab gen yon ti limyè nan sitiyasyon sa a. Se vre nou tout bezwen retounen lakay men ede nou [01:12:00] etabli sekirite lòtbò a. Kon sa nou ka tounen si nou deside tounen. Speaker: Roland, mèsi. Depite ki sa ki pase nan tèt pandan w ap kote Roland? Speaker 16: Bon, mwen panse se yon lòt fason pou wè bagay yo, men se yon bagay ki diferan si n ap pale de voye moun tounen epi yo deja gen yon kote pou yo ale. Nou pa gen okenn kote pou nou mete 500 000 moun ki pral Ayiti. E jan mwen te deja mansyone sa, si ou evalye avantaj sa gen pou ekonomi nou kounye a. Pa gen okenn rezon pou nou fè demach sa a al pi rapid. Nou menm di se yon demach nou kab ralanti. Ok, nan lè sa a, nan dat sa a, lè nou ka fè kèk preparasyon, prepare pou yo, men nou kab prepare biznis pa nou yo tou. Nou pa ka bliye valè sa yo kontribiye nou mache nou an. E se sa n ap chèche. Yon antant. Pesonn pa p diskite sou afè tanporè a. Nou pa p chèche anyen pèmanan tou, malgre nou bezwen kreye mwayen pou moun vin gen sitwayènte yo. Sèl sa n ap di, pa gen rezon pou n ap aji yon jan agresif, ap pouse moun mete yo deyò nan peyi a pandan [01:13:00] pou byen di w franchman, biznis yo pa pare pou sa. Speaker 3: Depite, yon dènye kesyon sou menm sijè sa a, si n kapab, 9 manm konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki swadizan ap dirije Ayiti kounye a mansyone anpil fwa jan yo vle fè dyaspora Ayisyen ki isit la pran pa plis nan politik ak devlopman ekonomik ann Ayiti. Ki wòl kle ou ta renmen wè ayisyen ki sot nan peyi etranje yo jwe kounye a nan yon peyi istorikman ki pa janm ouvè pòt pou dyaspora a? Speaker 16: Bon, dyaspora a kapab ede ak devlopman ekonomik epi kreye opòtinite epi mentni devlopman peyi a. Nou gen yon pwojè lwa tou ki pote non Toussaint Louverture, ki pale de envesti yon bon valè lajan pandan plizyè ane ann Ayiti. Nou kapab gen plis envestisman, epi nou kapab retounen moun ki kite Ayiti yo. Nou gen kèk jou n ap suiv jan anpil moun ki gen bon jan konesans ap kite Ayiti pou yo in nan peyi Etazini. Si n ap envesti pou n kreye komès [01:14:00] pou n kreye kèk biznis, yo kab ale ann Ayiti epi remèt Ayiti konesans yo, entèlijans yo, ak ladrès yo, pou nou kab bati peyi a, sitou pou sa ki Ameriken, sa ki Ameriken ak Ayisyen, oswa ki se premye jenerasyon ki vle bay kontribisyon pa yo. Gen anpil konte nou kab mete yo, men nou pa ka fè anyen san sekirite. San sekirite sa n ap di an se yon fantezi. Speaker: Depite dirijan, Phyllis McCormick, mèsi anpil pou tan ou pase avè nou aswè a. Nou apresye sa anpil. Speaker 16: Mèsi. Speaker: Michelle nan Brooklyn. Ou nan emisyon Haiti on the Line. Alo, Michelle. Speaker 18: Alo, Brian. Jenòm ki te pale anvan m nan pale egzakteman de sa mwen t ap panse a, lè l pale ak Depite a sou kesyon si nou konprann manman sa ki lakòz pwoblèm sa a ann Ayiti kòmanse ak trafik dwòg la. [01:15:00] sa te kòmanse sou Divalye ak Baby Doc sa vin pi mal sou Aristid epi apre tranblemanntè a lè yo fin eli Michel Martelly, bagay yo debòde. Etazini okouran sitiyasyon sa a. Pou ki sa y ap ensiste pou yo fè elksyon, pou yo elimine nenpòt moun ki vle fè Ayiti vanse pi devan, si se pou konbat trafik dwòg k ap fèt ann Ayiti a? Se sous pwoblèm nan, kesyon trafik dwòg la, katèl yo, se yo ki sous tout pwoblèm sa yo. Se yo k ap peye elit Ayisyen an pou yo apiye sa k ap pase la a, trafik zam nan, mwen te anba a sa gen kèk ane, e m ka di w sa gen moun, menm gen lòt peyi nan zòn nan ki mele nan afè trafik dwòg la, yo vin ak [01:16:00] bato ki kouri vit pou yo fè echanj, yo pote dwòg bay Ayisyen yo epi ayisyen yo ba yo zam. Si trafik sa a pa sispann, kesyon pou Ayiti vin gen sekirite a pap janm rive. E nou tout konnen depi gen krim yon kote, sa pa janm nan avantaj kote krim nan a fèt la. Speaker 2: Michelle, ki sa Etazini ta dwe fè oubyen èske Etazini ta dwe fè anyen pou rezoud pwoblèm nan? Speaker 18: Bon, yon bagay ki senp, senp, senp. Zam yo ap pase nan Gòlf Meksik la se pa sa? Bato k ap pote yo a. Majorite zam yo ap soti an Repiblik Dominikèn oswa yo soti Florid. Se pa yon zòn ki laj pase sa pou kontwole. Pou asire trafik la sispann. Sa se paske anpil moun [01:17:00] k ap benefisye de trafik la, ki moun ki gen tèt yo anplas ki ta pran Michelle Mately, yon chantè ki pa gen okenn esperyans nan politik, epi fè mannigèt yo nan yon eleksyon ki t ap byen mache epi fòse Ayisyen asepte li kòm prezidan eli lè tout moun te konnen li nan trafik dwòg. E se gouvènman Ameriken an ki te fòse Ayisyen asepte sa. Kounye a Ameriken yo denonse li, yo mete non li sou yon lis, men li la ap monte desann. Yo pa arete li. Ni li menm ni tout lòt oligat moun konn ki nan trafik dwòg. Speaker: Michel, mèsi anpil pou apèl ou. Tim, antan editè emisyon America pou WLRN, li mete yon pakèt peyi nan koze a ak trafik k ap fèt nan tou de direksyon. Zam ki soti nan peyi Etazini. Dwòg k ap soti lòtbò a. Speaker 3: Se sa. Epi yon lòt bagay [01:18:00] nou pa t rive gen chans mande Depite, Sheriff Liz McCormick se sa yo rele “Haiti criminal” la eskize mwen “Haiti criminal” se sa yo rele ann angle “catch act” la, se yon lwa ki ta aplike non sèlman pou Ayiti men pou tout Karayib la pou sispann trafik zam. Se yon pwoblèm ki nan tout rejyon an. Se pa yon pwoblèm ki nan Eta Florid sèlman ak Ayiti sèlman. Speaker: Nou va kontinye talè kon sa ak dènye 10 minit emisyon an “Haiti on the line”. Yon lòt fwa ankò, oditè Ayisyen ak oditè Ayisyen Ameriken n ap envite nou telefone nan emisyon an. Ki sa medya a, ki sa rès piblik Ameriken an dwe konnen sou sa k ap pase ann Ayiti? Ki solisyon Etazini ta dwe genyen? Si l ta dwe genyen youn, epi sa w panse de desizyon Prezidan Trump fèk anonse pou sispann TPS la? Rakonte nou istwa ou, ban nou opinyon ou ak lide ou, 844 745 TALK, n ap kontinye.[01:19:00] [01:20:00] Nou byen kontan ou rejwenn nou nan dènye pati emisyon “Haiti on the Line” nan, se yon pwogram espesyal ki fèt nan twa vil nan estasyon radyo sa yo GBH Boston, WNYC New York, epi WLRN Miami. Gen de twa minit ki rete sèlman nan emisyon an. Yo la toujou avè mwen, Soraya Wintersmith nan GBH, ak Tim Padgett nan WLRN Miami, editè pwogram America, akòz travay li nan òganizasyon “Immigrant Family Services Institute”, nou genyen l toujou avè nou Doktè Gerald Gabeau, li byen dakò pou l rete avè nou. Ann pran pwochen apèl nou pou Doktè Gabeau, DuVau nan Long Island. Ou sou emisyon “Haiti on the Line”. Alo, DuVau. Speaker 19: Mèsi poutèt nou asepte apèl mwen. Mèsi, Depite, pou jan Ayiti ak pèp Ayisyen an konsène ou. Mwen dakò ak [01:21:00] dènye moun ki te telefone a sou lide Ayiti antan yon kote ki mele nan afè trafik dwòg la epi ak moun ki Miami ki te telefone a. Men sèl bagay nou pa mansyone ase se wòl Repiblik Dominikèn jwe nan sa k ap pase ann Ayiti a. Yo se pi move lènmi nou poutèt kèk bagay ki deja pase antre nou. Jan peyi Etazini ap trete Dominikani parapò a Ayiti se yon bagay ki chokan epi ki lèd anpil. Repiblik Dominikèn se bò il la ki pi swa a. Yo fè sa yo vle, yo jwen sa yo vle siman. Men Ayiti pa fè tout sa yo vle l fè jan yo vle a. [01:22:00] Poutèt sa fò yo kraze moral li. Moral pèp Ayisyen an, yo gen tout bagay sa yo, yo bay Ayisyen move non, tout move zak sa yo kont Ayisyen se pou kraze moral yo pou yo sispann ka goumen kon sa, petèt, byen fasil, yo va fè tou de nasyon yo fè youn epi yo ka pran sa nenpòt sa yo bezwen. Se sa. Oh wi. Se sa menm. Wi. Speaker: Fè toulede. M ap kite sa la pou kounye a. Pou moun ki pa konnen, Il Ispanyola divize an 2 peyi Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Epi Tim, pou ou menm kòm edit emisyon America a nan WLRN, ki valè fwa ou tande kesyon sa a? Kesyon fè 2 peyi yo fè youn nan ak kesyon jan Etazini trete Dominikani byen konparativman ak jan yo trete Ayiti. Speaker 3: Fò nou sonje nan istwa lontan lontan nan kòmansman 19èm syèk la, lè Repiblik Dominikèn te fè pati Ayiti [01:23:00] Se yon kesyon ki ale vini men nan 20èm syèk la epi kounye a nan 21èm syèk la, ann di, Ayiti viktim agresyon imigrasyon nan men Dominiken, epi fò w al nan epòk diktati Trujillo an Repiblik Dominikèn kote peyi a te fè anpil Ayisyen abi anndan Repiblik Dominikèn. Se yon relasyon ki toujou sou tansyon. Epi mwen pa wè okenn posibilite pou 2 peyi yo ta fè yon sèl. Kounye a mwen panse fò ta gen yon pi bon konpreyansyon, sou fwontyè yo, petèt jan Repiblik Dominikèn kab abòde imigran Ayisyen pi byen e petèt yon fason ki pi imen. [01:24:00] Speaker: Suraiya, Ou gen dènye kesyon an pou Doktè Gabeau. Speaker 2: Dr. Gabeau, mèsi anpil poutèt ou rete la avè nou. N ap viv yon moman kote anpil moun santi gouvènman an twòp pou yo, nouvèl yo twòp pou yo, ekonomi an twòp pou yo, e mwen panse ou nan yon pozisyon ki inik paske w ap travay di chak jou pou konbat yon gwo gwo pwoblèm. Ki sa ou fè pou bay tèt ou epi pou bay lòt moun ki kote w ankourajman? Speaker 13: Pou byen di w, premyèman, mwen oblije ankouraje tèt mwen chak jou, fò m raple tèt mwen mwen mele nan bagay sa a se pa paske se yon djòb m ap fè. M ap fè travay sa a paske se sa mwen te la pou m fè. Poutèt sa, chak jou, apre fin di tèt mwen tout bagay pral anfòm, kèlkeswa jan sa ye, mwen jwenn kouraj mwen bezwen pou m al kote lòt yo pou m raple yo “Wi” tout bagay pral anfòm. Sèl sa nou gen pou n fè se kontinye travay [01:25:00] epi kontinye fè sa nou la pou n fè a paske mwen toujou di tou moun nan fen jounen an, lè w al nan kabann ou, kesyon an se ki sa ou regle pandan jounen an? Konbyen moun ou bay espwa? Konbyen moun ou gide? Konbyen moun ou ede? Paske nan fen jounen an, se pi gran satisfaksyon ou kab genyen lè w konnen ou fè tout sa ou kapab pou w ede yon lòt moun. Mwen panse se sa lavi a mande nou fè. E se sa nou pral fè. Nou pral kontinye ankouraje lòt pou yo pa dekouraje. Pou yo pa lage sa, men pou yo kontinye fè sa ki dwat, kontinye ede lòt epi ba yo espwa pou yon demen miyò. Speaker: Doktè Gabeau, mèsi anpil pou bèl pawòl sa yo pou emisyon sa ki prèske fini an epi pou tan ou pase avè nou aswè a. Um, Tim, èske m kab ajoute yon ti bagay la nan dènye segonn nou rete yo? Ou konnen youn nan bagay ki nan nouvèl la nan peyi sa a se Administrasyon Trump lan [01:26:00] k ap eseye fèmen majorite pwogram nan USAID yo, ki bay moun manje ak swen medikal nan anpil peyi. Èske w konnen si sa pral touche Ayiti? Speaker 3: Oh wi. Gen tout yon seri pwojè USAID mele ladan yo, anpil ladan yo ki gen rapò ak ede timoun piti ak ti jènjan ak ti jennfi jwenn mwayen pou amelyore lavi yo pou yo pa al antre nan gang. Jacqueline Charles te mansyone sa nan emisyon an talè a, plis pase mwatye nan gang Ayiti yo kounye a se timoun ki minè. E mwen panse youn nan bagay nou dwe konsantre sou li kounye a se kouman nou kab kòmanse pran pa nan pwogram, plis pwogram ann Ayiti ki kab ede timoun, kit se foutbòl, mizik, kèlkeswa pwogram nan. Speaker: Eben n ap fini ak kesyon sa. Mèsi tout mou, poutèt nou t ap kote “Haiti on the Line”. Mwen se [01:27:00] Brian Lehrer nan New York. M ap di ko-animatè mwen yo Tim Padgett ki nan WLRN nan Miami yon gwo mèsi ansanm ka Soraya Wintersmith ki nan GBH nan Boston. Mèsi, Tim. Mèsi, Soraya. Ou fè yon bèl travay. Mèsi, Brian. Hey, Speaker 2: mèsi. Speaker: Epi n ap di, a tout moun ki dèyè sèn nan ki ede reyalize emisyon sa mèsi tou. Lee Hill, Megan Ryan, Katie Munoz, Aidan Connolly, Jason Isaac, Peter Murs, Gary Mott, Emily Balk, Sarah Sigro, Giselle Reed, Zach Goddard Cohen, ak yon ekip lòt moun, patikilyèman patenè yo PRX's The World. Pral gen yon tradiksyon emisyon aswè a an Kreyòl nan jou k ap vini yo. Ou kapab tcheke sa oubyen koute emisyon an ann Angle lè w al sou WNYC. org. epi nou pral fini ak chante Bello se yon chantè Ayisyen, yo dekri misye kòm Anbasadè mizik pou Ayiti nan lemonn. Chante a rele Wozo. Mèsi epi bòn nuit.[01:28:00] Resous ak lyen ki gen rapò: ‘Ayiti pa ka mouri’: Jan 2 sè ap ede moun nan mitan batay gang k ap pase ann Ayiti a , sou antèn GBH News nan Boston. Pandan plis pase 10 an, Doktè Geralde Gabeau ap travay san rete pou ede Refijye Ayisyen jwenn pwoteksyon ak yon nouvo vi nan Boston. Men gen yon Ayisyen li pa gen chans ede vwayaje – se pi gran sè li, Guerda Previlon. Previlon rete ann Ayiti kote li menm tou l ap ede Ayisyen ki gen pwoblèm. Kochon Kreyòl la: Pi gwo bagay Ayiti pèdi , yon emisyon WLRN nan Miami, kote yo rakonte istwa yon bèt ki gen rezistans epi ki enpòtan nan lavi ayisyen pou plizyè jenerasyon. Bèt sa ki te yon bèt natif natal, se te yon resous enpòtan pou kiltivatè. Men, an 1980 te gen yon maladi chabon ki fè USAID ak gouvènman Ayisyen an touye tout kochon kreyòl yo. Desizyon drastik sa a te frape peyi a anpil sou plan ekonomik, yon peyi ki te deja ap mal mennen. Dokiman sa a esplore kouman masak tout kochon yo fè sitiyasyon ekonomik Ayiti a degrengole pandan y ap egzaminen degradasyon sitiyasyon politik ak sitiyasyon sosyal la. Y ap fè entèvyou ak kiltivatè, ekonomis, edikatè, epi y ap fè analiz politik, fim nan ap antre nan Istwa d Ayiti ak politik pou esplike gwo efè evènman sa a. ‘Yon diktati endiferans’: Se yon pè Ayisyen ki endiye pou jan yo trete imigran , depi nan estidyo WLRN nan Miami, emisyon sa a ap esplike enkyetid yon lidè relijye nan Little Haiti nan Miami, ki gen enkyetid ak efè politik Prezidan Trump yo pral fè sou kongregasyon l lan.…
Health officials say there are two confirmed cases of measles in New York City. This comes as outbreak of measles in Texas continues to grow, with more than 100 cases. New York State Health Commissioner Doctor James McDonald talked with WNYC's Sean Carlson about the current outbreak and current vaccination rates in New York.…
Under the latest proposed regulations the state Office of Cannabis Management will consider exceptions to the distance rules based on factors such as consumer demand in the area and whether there’s an obstruction such as a highway between the two dispensaries in question. Read the full story here .
When Cinthia Almonte, better know as La Comelona, or, "the foodie," first moved to New York City from the Dominican Republic in 2016, she was looking for a way to fall in love with New York. So, she ate her way through it. Today, the Dominican native has made her mark in the city as one of its most prominent food influencers.…
W
WNYC News


Evelyn Graham-Nyaasi knows what it’s like to be involuntarily committed for mental health treatment. “ I was locked up in the room where all these people were screaming and yelling,” she said. “There were no toilet seats, no doors, nothing. It was a horrible experience.” She's part of a group of advocates battling Gov. Kathy Hochul's plan to expand the state's standard for involuntary commitment. They say it would infringe on civil rights, while proponents argue it would boost public safety.…
After all the buzz and the predictions about this year’s nominees, it will all be settled tonight. The 97th Academy Awards ceremony airs on ABC at 7pm on Sunday, March 2 with Conan O'Brien hosting. Alison Stewart is, of course, the host of All Of It on WNYC. But she's also an Oscars super-fan. She joins Weekend Edition host David Furst for a preview and a roundup of the New York and New Jersey nominees. BONUS:Play along while you watch with the All Of It 'Oscar Bingo Card.'…
When it comes to star-gazing, March marks the transition from winter to spring night skies. The spring equinox is on March 20th, when we will have equal amounts of daytime and night hours. WNYC's Rosemary Misdary joins Weekend Edition host David Furst with some stargazing tips for March.
As we flip the calendar to March, the New York City mayor's race is coming into focus. This week, City Council Speaker Adrienne Adams took steps towards entering the race. And voters and candidates are waiting to see if former governor Andrew Cuomo will throw his hat in the ring. WNYC's Michelle Bocanegra joins Weekend Edition host David Furst with the latest.…
The New York Amsterdam News is one of the most influential Black newspapers in the city, and was one of only 50 Black newspapers in the country when it put out its first edition in 1909. Now the over a hundred year old paper is turning its newsroom in Harlem into a museum. Elinor Tatum, the publisher and editor in chief of the New York Amsterdam News, talked with WNYC's Sean Carlson more about it.…
Nearly 200 years ago, Richard Riker — a powerful judge whose family the island is named after — was at the center of a network that included city officials, police officers and others who captured Black New Yorkers, purportedly fugitive enslaved people, and delivered them to Southern slave owners, according to historians. Mack was detained on Rikers Island in 1992 and 1993 and is now the co-founder and co-director of Freedom Agenda, which works with people affected by incarceration. On Feb. 14, he told the crowd that Adams’ proposal to bring U.S. Immigration and Customs Enforcement agents back to Rikers would put Black and Latino immigrants in enforcement agents' crosshairs and was on par with Richard Riker’s harmful actions. Read the full story here .…
Welcome to Player FM!
Player FM is scanning the web for high-quality podcasts for you to enjoy right now. It's the best podcast app and works on Android, iPhone, and the web. Signup to sync subscriptions across devices.